SONDAJ PARAN SOU APAPARÈY MOBIL POU PREPARASYON AN KA YON IJANS
Nan kèk okazyon ki ra, li ka nesesè pou fèmen youn oubyen plis lekòl akoz move tan oubyen sitiyasyon ijans. Si sa rive, Distri a ap fè tout efò pou l asire opòtinite edikasyonèl elèv nou yo kontinye pandan yo lakay. Atravè ane yo, Distri a konpile yon gwo koleksyon kontni sou Entènèt ak resous dijital pou asire elèv yo ka kontinye aprantisaj yo san enteripsyon. Pou konplemante koleksyon zouti dijital yo, Distri a mete disponib tou aparèy mobil pou elèv prete pou sèvi lakay yo. Kòm yon pati nan pwosesis Preparasyon Ijans Distri a, nou bezwen kolekte enfòmasyon konsènan ki elèv ki ka bezwen prete yon aparèy mobil pou itilize lakay yo pandan tan lekòl yo fèmen. Distri a ap mande pou ranpli sondaj ki ap suiv la konsènan bezwen teknoloji pitit ou a. Enfòmasyon nou kolekte nan repons ou yo pral ede nou detèmine bezwen teknoloji elèv nou yo lakay e yo pral ede nou nan efò preparasyon ijans nou yo.
Antre nimewo idantifikasyon elèv la.
surveygold.com
Èske pitit ou a gen aksè a youn oubyen plis òdinatè lakay li pou fè devwa?
Wi, pitit mwen an gen aksè ak yon òdinatè pèsonèl/aparèy mobil lakay li.
Wi, pitit mwen an aktyèlman gen yon aparèy mobil distri a bay pou l sèvi lakay li.
Non, pitit mwen an pa gen aksè ak yon aparèy pou l sèvi lakay li.
surveygold.com
Èske w ta renmen pitit ou a prete yon aparèy mobil distri a bay pou l sèvi lakay li?
Wi, mwen ta renmen pitit mwen an prete yon yon aparèy mobil distri a bay pou l fè devwa lakay li
Non, mwen pa ta renmen pitit mwen an prete yon aparèy mobil distri a bay pou l fè devwa lakay li.
surveygold.com
Èske w gen aksè Entènèt gwo vitès lakay ou, pou pitit ou a ka fè devwa l? ?
Wi, nou gen aksè Entènèt gwo vitès lakay.
Non, nou pa gen aksè Entènèt gwo vitès lakay.
surveygold.com
Chwazi nivo ane eskolè pitit ou a.
PK
K
01
02
03
04
05
06
07
08
09
10
11
12
surveygold.com
Èske w ta renmen resevwa yon telefòn entèlijan ‘Samsung’ nan men ‘1Million Project’ pou itilize kòm yon pwen konektivite pou gen aksè Entènèt la?
Wi, nou ta renmen resevwa yon telefòn entèlijan nan men ‘1Million Project’ pou itilize kòm yon pwen konektivite pou gen aksè Èntènèt.
Non, mwen pa ta renmen resevwa yon telefòn entèlijan nan men ‘1Million Project’ pou itilize kòm yon pwen konektivite pou nou gen aksè Èntènèt.
surveygold.com